Gang TiMakak Touye ak Boule Ex-Senatè Ayisyen Yvon Buissereth

0


 Ansyen Senate Ayisyen Yvon Buissereth (Foto: Twitter @josephlambertHT)

LABOULE, AYITI — 

Chèg gang TiMakak touye e boule ex-Senatè Ayisyen Yvon Buissereth, ki te direktè jeneral EPPLS (Entreprise Publique de Promotion de Logements Sociaux). TiMakak se yon gwoup bandi kap opere nan zon katye Pelerin.

Nouvel la te parèt apre yon videyo te komanse sikile sou rezo sosyal yo ki montre plak machin ex-senatè a kap boule.

Buissereth te ak neve li, ki mouri ansanm avè'l Samdi. Yo tap vwayaje nan yon machin leta sou yon wout anpil moun konn pran pou evite Matissan kote gang yo ap batay.

Komisè Gouvènman Ayisyen an Jacques Lafontant konfime nouvèl la pou joseph radio a.

Premye Minis Ariel Henry kondane zak la ak tout fos li nan yon deklarasyon li pibliye dimanch.

"Asasen sa yo menm jan ak tout lot kriminèl kap simen dèy nan peyi a, nap pouswiv yo kote yo kache a epi trennen yo devan la jistis," deklarasyon Henry a di.

No comments