Rising smoke can be seen from the beach at Saky after explosions were heard from the direction of a Russian military airbase near Novofedorivka, Crimea, Aug. 9, 2022.
Gwo eksplozyon frape yon baz avyasyon militè ris nan Krime, e otorite-yo fè konnen yon moun pèdi lavi-l e plizyè lòt blese.
Ministè Defans LaRisi-a di minisyon te sote nan baz Saki e ke pa gen bonbadman ki te fèt sou li. Li fè konnen okenn avyon de gè pa te sibi domaj. Men rezo sosyal-yo chaje ak pawòl k-ap pale kòmkwa se misil ki tire lwen ke Ikrèn te lanse ki frape baz-la. Ministè Defans Ikrèn nan pa fè kòmantè sou koz eksplozyon-an.
Si se vre se Ikrenyen ki te frape baz-la, se ta premye gwo atak sou yon enstalasyon militè ris sou Preskil Krime-a, ke Kremlen te pran an 2014.