Manifestan kap pwoteste kont gouvenman Premye Minis Ariel Henry a nan Potoprens, Dimanch 7 Out, 2022.
POTOPRENS —
Yon gwoup moun pran lari kapital Ayisyen nan Pòtoprens Dimanch pou pwoteste kont gouvenman Premye Minis Ariel Henry a.
Se plizye estrikti politik ki kole tet ansanm pou oganize mobilizasyon an. Gwoup la gen a la tet li Magalie Habitant, ansyen direktris Sevis Metwopoliten Koleksyon Rezidi Solid la (SMCRS). Li se yon alye prezidan Moise.