Nan Washington, 2 palmantè Ameriken deklare Jedi, Etazini dwe pran sanksyon kont chèf gang ki chaje ak zam ak moun kap finanse gang sa yo, nan moman Ayiti ap fè fas ak yo peyi lòk gang yo koze epi rate gaz.
Pandan yon Rankont Komite Lachanm dè Reprezantan jodia, Depite Gregory Meeks ak Michael McCaul, deklare Etazini dwe pase a l'aksyon kont gang ki kontwole gwo pòsyon teritwa Ayisyen an.
Meeks, yon Demokrat ki se direktè komite a deklare:
"Se yon bagay nou pral oblije komanse gade - sanksyon kont chèf gang yo, ak sa yo kap finanse gang sa yo epi sa yo kap voye zam ba yo."
Gang yo bloke soti prensipal tèminal petwol Varreux a pou repon anons Premye Minis Ariel Henry te fè pou di li pral ogmante pri gaz la. Sa te lakoz yon rate gazolin ak gaz dizèl.
Aktivite yo ralanti seryezman tou, kote sèvis de baz yo, pami yo sèvis opitalye yo prèske paka fonksyone akoz mank gaz pou pèmèt dèlko yo fonksyone.