Biden Detroit pou Fè Piblisite pou Machin Elektrik

0

Mary Barra, PDG General Motors, pale ak Prezidan Joe Biden pandan li chita nan yon Corvette, pandan yon vizit nan konferans otomobil Detroit la, 14 Sept. 2022.

Prezidan Joe Biden mete aksan sou jefo administrasyon li ap fè pou fè piblisite pou machin elektrik, pandan yon vizit nan konferans otomobil Detroit la.

Prezidan an rive nan kokenn chenn Konferans Entenasyonal Otomobil Amerik di No a pou fe piblisite pou nouvo pwogram ki gen rapo ak chanjman klimatik, enpo ak swen sante e ki ofri kek benefis pou moun ki achte machin elektrik.

Li te egzamine yon seri machin ki fabrike Ozetazini ki fonksyone ak gas oubyen elektrisite, machin elektrik epi motè a konbustyon ke konpayi otomobil Chevrolet, General Motors, Ford ak Stellantis fabrike. Yo te oganize yon seyans prive pou preizdan an kote li te gen opotinite rankontre anplwaye konpayi yo ak manm sendika travaye otomobil yo, PDG epi lide lokal.

Biden renmen machin anpil e li gen yon Corvette Stingray ki date de ane 1967. San pèdi tan li te monte dèyè volan yon Chevrolet Corvette Zo6 - ki pa yon machin elektrik - epi li te limen mote a. Li te gen bo kote li PDG GM lan, Mary Barra - ki fe blag pou di - Prezidan an deklare li pral kondwi machin sa a pou retounen lakay li.

 

You may like these posts

No comments