Se Letitia James ki depoze dokiman legal la devan tribinal eta Nouyòk Mèkredi. Li vini apre 3 zan ankèt sivil sou Trump ak òganizasyon Trump la.
Twa pami pitit Trump yo, a savwa Donald Jr., Ivanka ak Eric Trump nomen kòm akize tou, ansanm ak 2 anplwaye kap travay pou konpayi a depi lontan, Allen Weisselberg ak Jeffrey McConney.
Alina Habba, yon avoka pou Trump deklare: pwosè a pa "santre sou ni fè yo, ni lwa peyi a."