Konsèy Sekirite l-ONU an Kondane LaRisi TOUT MOUN SEZI

0

Minis Afe Etranje Ris la Sergey Lavrov pran la pawol pandan yon rankont wo nivo Konsey Sekirite Nasyonzini pou diskite sou Ikren, Jedi 23 Sept. 2022
 Nan l-ONU, manm yo nan Konsèy Sekirite l-ONU an kondane LaRisi jedi deske l ap fè yon pi gwo gè nan Ikrèn, e yo kritike mobilizasyon plis twoup, ak menas Prezidan Vladimir Putin pou li sèvi ak zam nikleyè.

« Chak manm konsèy la ta dwe voye yon mesaj klè pou di menas nikleyè sa yo dwe sispann touswit, » se pawòl Sekretè Deta Etazini Anthony Blinken nan yon sesyon espesyal minis afè etranjè yo nan konsèy la pandan woumble Asanble Jeneral la ki fèt chak ane ap dewoule.

« Se yon gè pou aneksasyon. Yon gè pou konkèt, » se Sekretè Afè Etranjè Grand Bretay James Cleverly ki pale konsa.

You may like these posts

No comments