Lapolis Usa Touye yon Nonm ak Zam nan Los Angeles

0


 LOS ANGELES — Lapolis Los Angeles te tire e touye yon nonm ke ofisyèl yo di te gen zam epi ki t ap kouri pou polisye pat met lapat sou li pandan wikenn nan.

Ofisye yo t ap fè patwouy nan katye Westlake a lè yo te wè yon nonm ki gen yon zam ozalantou 3:20 a.m. Dimanch, dapre lapolis.

Pòtpawòl Depatman Lapolis Los Angeles Bruce Borihanh di: "Lè ofisye yo te pran kontak avè l, kout zam te marye.

Sispèk la, gen 20 an, li tap eseye chape poul li epi ofisye yo te kouri dèyè l 'a pye. Yo te tire sou li yon dezyèm fwa, e li te mouri dapre sa lapolis di.

No comments