Responsab biwo dwa moun nan l-ONU kondane koukou-wouj vyolan fòs sekirite Iran yo dèyè manifestan ki move kou kong akoz lanmò yon jèn dam ke otorite yo te akize kòmkwa li pa te konfòme li ak regleman estrik sou jan medam dwe abiye nan Iran.
Manifestasyon te pete nan 15 pwovens peyi a apre lanmò Mahsa Amini anba men lapolis. Se nan dat 13 Septanm sa ki rele lapolis moralite te arete l poutèt li pa ta ranje vwal li sou tèt li kòmsadwa.
Biwo l-ONU pou Dwa Moun fè konnen li difisil pou jwenn chif ekzat sou kantite manifestan ke fòs sekirite yo nan Iran ta touye, blese oubyen arete. Se akoz restriksyon sou telekominikasyon. Laprès leta mete kantite moun ki tonbe yo nan 41.
Sepandan, dapre pòtpawòl l-ONU Ravina Shamdasani, òganizasyon non-gouvènmantal (ONG) k ap swiv sityasyon an rapòte plis moun ki pèdi lavi yo. Li di ke yon sous ke li ka fè konfyans rapòte 76 ka lanmò, pami yo fanm ak timoun.
Gad Revolisyonè Iran Deklanche yon Vag Atak DroneGad Revolisyonè Iran an ki gen anpil pouvwa deklannche lendi yon vag atak drone ak pyès kanno ki vize sa Iran kalifye kòm baz Kurd separatis iranyen nan nò Irak, dapre sa yon ajans nouvèl semi-ofisyèl rapòte.
Se 2èm ofansiv konsa pa lòt bò fwontyè depi samdi, nan moman kote Iran ap goumen pou kontwole manifestan depi lanmò yon dam Kurd ki te gen 22 lane, ke lapolis moralite nasyon an te arete.
Yon reprezantan youn nan gwoup separatis yo nan Irak ke atak la te vize a – atak ki te frape zòn Sidikan nan rejyon nò Irak ke Kurd ap dirije – fè konnen pa gen moun ki viktim.
« Jodi-a se 3 fwa, Repiblik Islamik Iran-an bonbade flan Mòn Halgurd kote fòs nou yo baze, » se pawòl Atta Nasir, yon manm komite santral Komala, yon pati opozisyon kurd ke Iran te ekzile. Li te pale ak ajans nouvèl Associated Presse etan nan katye jeneral pati a toupre fwontyè Iran-Irak-la.