Minis Afe Etranje Meksiken Marcelo Ebrard a goch akeyi Sekrete d Eta Ameriken Antony Blinken nan ayewopo entenasyonal Benito Juarez, Mexico siti, 12 Sept. 2022.
Sekretè
Deta Antony Blinken ak otorite ameriken wo-plase nan domèn komès la ale nan
peyi Meksik lendi 12 septanm nan pou y al fè kèk chita ekonomik wo-nivo ak
objektif pou repare relasyon yo ki gen tansyon nan dosye imigrasyon ak lòt
kesyon.
Brian
Nicholas, yon gwo ofisyèl nan Depatman Deta a, ki t ap abòde dosye a nan wikenn
nan, deklare: “An plis yon dyalòg wo-nivo sou echanj ekonomik, Sekretè Deta
Blinken gen plan pou l rankontre avèk Prezidan Andrés Manuel López Obrador epi
Minis Afè Etranjè meksiken an, Marcelo Ebrard, pou yo diskite sou relasyon
ekonomik bilateral yo ak lòt priyorite politik yo pataje, tankou domèn
migrasyon an ak efò pou yo mete fen nan kontrebann yon dwòg ki rele fentanyl.”
Minis
komès ameriken an, Gina Raimondo, ak vis reprezantan komèsyal Lèzetazini an,
Jayme White, fè pati delegasyon an. Meksik toujou reprezante youn nan 3 premye
patnè komèsyal Lèzetazini. Anvan pandemi kowonaviris la, Meksik sete 2èm pi gwo
peyi ki te enpòte pwodui ameriken an 2020.
Rankont Blinken ak Prezidan Lepez Obrador la rive 2 mwa apre
Prezidan Joe Biden te resevwa lidè meksiken an nan La Mezon Blanch, kote Misye
Biden te fè konnen 2 peyi vwazen yo dwe travay pou rebati eleksyon yo. Minis
Afè Etranjè Ebrard pale pou l di dosye politik 2 gouvènman yo nan domèn enèji a
pa t sou ajanda negosyasyon ki dewoule lendi a.