Stephane Dujarric, potpawol Sekretè-Jeneral Nasyonzini, Antonio Guterres deklare Vandredi ke Sekretè Jeneral la gen anpil kè sote pou sityasyon aktyèl la nan peyi d Ayiti kote manifestasyon popilè yo bloke peyi a nèt.
Sekretè a eksprime sitou preokipasyon li pou sekirite sitwayen Ayisyen yo, pami yo moun ki pi vilnerab yo. Li lanse yon apèl pou kalm ak pou tout moun mete dlo nan diven yo. Li ankouraje tout aktè politik yo pou yo pran mezi tou swit pou kalme tansyon yo, evite zak vyolans epi kite Polis Nasyonal la fè travay li ki se: pwoteje popilasyon an.
Dujarric siyale tou, menase tanpèt twopikal Fiona ka poze.
Dujarric di: "Met sou sa tanpet twopikal Fiyona fome nan karayib la e li taka frape Ayiti Lendi. Plan Repons Imanitè 2022 pou Ayiti a mande yon finansman $373 milyon - li finanse a 21 pousan sèlman pou kounyea."