
"Nan Kyiv, yon machin fè kolizyon ak machin Prezidan Ikrènyen an ak lòt machin ki te nan kòtej li," Serguiy Nikiforov di nan yon deklarasyon ki te afiche sou paj Facebook jodi Jedi a 1:22 a.m. lè lokal.
Pot pawol la rapousiv poul di "Doktè ki te akonpaye prezidan an nan kotej li e te bay chofè otomobil li a asistans ijans ak premye swen epi yo te transfere l nan yon anbilans."
"Prezidan Zelensky bo kote pal pat gen okenn blesi grav e li te egzamine pa yon doktè, Lapolis ap mennen ankèt sou tout sikonstans aksidan sa a pòt pawòl la ajoute, san li pa bay plis detay.
Nan diskou televize ke prezidan Zelensky bay chak swa e ki pre enrejistre , li te pale nan videyo a, ki te pibliye yon ti tan apre aksidan an, poul esplike ke li te sot retounen depi rejyon Kharkiv la yon jan poul asirel ke "prèske tout rejyon an te libere" apre yon kont-ofansif militè rapid kou yon kout zèklè ke sòlda ikrenyen yo te fè e ki te reyisi e ki te vize pou deloje twoup lame Ris yo nan tout zòn nan.