Yon Politisyen Chinwa Kritike Sanksyon Lwès la Pandan Yon Vizit nan Larisi

0


 Medya leta Chinwa yo di pi gwo lejislatè nan Lachin denonse sanksyon l Oksidan pran kont Larisi pandan yon vizit li te fè nan Larisi.

Ajans nouvèl ofisyèl Xinhua di Li Zhanshu te mande pi gwo koperasyon pou goumen kont "entèferans ekstèn, sanksyon ak jiridiksyon bra long," nan yon reyinyon li genyen ak plizyè palmantè Ris.

Li te rankontre ak Prezidan Ris Vladimir Putin, anvan yon rankont ki gen pou fèt mwa sa a ant Putin ak Prezidan Chinwa Xi Jinping nan yon rasanbleman rejyonal nan Ouzbekistan.

Rankont sa se pral premye vwayaj Xi fè andeyò Lachin depi pandemi an te kòmanse nan kòmansman ane 2020.

You may like these posts

No comments