Basketbolè Stephen Curry Ofri Sipò l pou l Ede Brittney Griner

0

Basketbole Golden State Warriors Stephen Curry reyaji apre li resevwa bag chanpyona 2021-2022 li anvan match kont Foto:Achive Los Angeles Lakers yo nan San Francisco, Madi 18 Oktob, 2022.

Basketbolè renome Ameriken Stephen Curry pran mikwo a nan mitan seremoni remiz bag chanpyona ekip Golden State Warriors la Madi swa pou'l lanse yon apèl pasyone pou moun apiye Brittney Griner - yon vedèt baskètbòl feminen ki fèmen nan prizon nan Larisi e ki fèk fete 32èm anivèsè li.

Warriors yo, ki pran angajman vizavi pwoblèm kap trakase sosyete Amerikèn nan, fete 4èm chanpyona yo nan yon espas 8 an.

Griner ap tann yon odisyon nan tribinal Larisi mwa sa a, kote yon jij gen pou l konsidere apèl li kont santans 9 an prizon li te resevwa pou posesyon dwòg.

 

You may like these posts

No comments