Ikrèn: Putin Siyen yon Dekrè pou Larisi Fòmèlman Pran Kontwòl Santral Zaporizhia

0

Dapre yon dekrè Prezidan Vladimir Putin siyen, Larisi pran kontwol ofisyèlman izin nikleyè Zaporizhia a nan ki sitiye nan sid Ikrèn. Ris yo gen kontwòl santral la depi plizyè mwa deja.

Dekrè a di: "Gouvènman an ap asire ke enstalasyon nikleyè a(...) se pwopriyete federal nou".

Nan menm moman dekrè a te pibliye, Rafael Grossi ki se chèf Ajans Enèji Atomik Entènasyonal la (IAEA) tap fè yon vizit nan Ikrèn ak Larisi.

 

You may like these posts

No comments