Myanmar Di: Aung San Suu Kyi ap Pran 3 Lane Prizon

0


 Myanmar opposition leader Aung San Suu Ky foto:achive.

Yon tribinal nan Myanmar ki anba yon rejim militè kondane lidè Aung San Suu Kyi sou 2 akizasyon kòripsyon jodi mèkredi a, dapre moun ki abitye ak kesyon an.

Nan 3 kondanasyon yo gen santans 3 lane prizon ke l ap pije kounyea.

Suu Kyi anba kondanasyon kòmkwa li te resevwa 550-mil dola anba tab nan men antreprenè Maung Weik. Li demanti akizasyon yo e li espere pote ka a ann apèl.

Suu Kyi anba kòd depi mwa Fevriye 2021 lè lame a te chavire gouvènman li an e te pran pouvwa a.

Apre sa, Suu Kyi te jwenn santans plis pase 20 lane prizon pou yon pakèt kondanasyon ki, dapre sipòtè li yo, gen motif politik dèyè yo.

You may like these posts

No comments