Lafrans ap travay ak Inyon Ewopeyen an pou adopte plizyè sanksyon kont anpil ofisyèl peyi Iran.
Chèf diplomasi franse a Catherine Colonna deklare ke pami sanksyon ke yo gen pou pran yo, yo pral bloke tou byen ofisyèl sa yo genyen epi mete entèdiksyon vwayaj, kont tout moun nan peyi Iran ki patisipe nan represyon kont pèp la.
Li kontinye pou l di ke mezi sa yo "vize reponn a represyon ke otorite sa yo ap fè kont sitwayen yo. Sanksyon sa yo ka gen yon enpak sou moun k ap pran desizyon pou rejim Iran an (...), nap jele byen yo ak bloke dwa yo genyen pou vwayaje ".
Colonna te fè deklarasyon sa a devan depite yo.