Plis Pase 100 IMigran Bloke Tou Pre Pòtoriko Bagay yo di Pou Yo

0

 

Foto:Achive Zile Mona, Potoriko nan mitan (a gosh se Repiblik Dominiken, a dwat se Potoriko)

Otorite Federal yo di yap eseye sove plis pase 100 migiran ki bloke sou yon zile kote moun pa abite e ki sitye tou pre Pòtoriko. Yo sispèk moun sa yo fè pati yon operasyon trafik moun.

Nasyonalite moun kap tann sekouris yo sou zile Mona Madi poko finn klè. Li poko klè non plis si gen migran ki te mouri neye anvan otorite yo te o kouran sityasyon yo.

Zile Mona sitye nan lanmè ant Repiblik Dominikèn ak Pòtoriko e se tout tan kontrebandye yo sèvi avè'l kòm pwen tranzit pou migran yo. Souvan yo pwomèt migran Ayisyen ak Dominiken ke yap kapab rive nan teritwa Ameriken abò bato rachitik. Plizye douzèn migran mouri nan operasyon sa yo pandan mwa ki pase yo.

You may like these posts

No comments