Nan Kawolin di Sid ak Kawolin di Nò, otorite yo tap fè konsta dega yo Samdi.
Bilan viktim yo apre pasaj siklòn nan prèske rive 3 douzèn, e gen ka lanmò ki anrejistre nan Kiba, Florid ak Kawolin di Nò.
Siklòn nan febli kounyea e li pran direksyon lanmè Atlantik la men anvan sa li te kraze plizyè pon.
Li te voye bato sou bilding, kraze twa kay epi kite plizyè santèn milye moun san elektrisite.