Prezidan fransè a Emmanuel Macron nan Lendi deplore seri atak sa yo ke ris yo te lanse kont Ikrèn.
Macron te kontinye pou l di: "Atak sa yo se ekspre Larisi fè kote li atake tout teritwa Ikrenyen an, e li atake sivil tou - sa se yon chanjman pwofon nan objektif lagè sa a".
Macron te fè deklarasyon sa yo pandan yon vwayaj nan Château-Gontier (Mayenne), e li ajoute ke lè li rentounen Paris lap reyini kò diplomatik ak militè yo.