Fondasyon Bill Gates la Bay $1.4 Milya Pou Ede Kiltivatè yo an Afrik ak Azi

0

Foto:Achive The Bill and Melinda Gates Foundation has pledged to invest $1.2 billion in efforts to eradicate polio Ludovic MARIN.

Òganizasyon filantwop Bill ak Melinda Gates la anonse lendi ke yo pral voye $1.4 milya pou kiltivatè yo sou 2 kontinan.

Kiltivatè sou kontinan Afriken ak Azi pral jwenn $1.4 milya ke Bill ak Melinda Gates Foundation fè kado nan yon fason pou ede kiltivatè yo adapte yo ak chanjman klimatik.

Sòm sa a pral distribye pandan 4 ane pou ankouraje inovasyon ki pèmèt yo reziste pi byen ak sechrès, gwo vag chalè ak inondasyon ki genyen nan peyi sa yo.

Fondasyon an te fè deklarasyon sa yo nan somè COP27 la kote yap diskite sou chanjman klimatik kap dewoule nan peyi Lejip.

 

You may like these posts

No comments