Jij Roberts Kanpe Pwosesis La pou L Remèt Dosye Enpo Trump Lan Bay yon Komisyon Kongrè a

0

Foto Achive:Chef Kou Siprem Etazini, Jij John Robert.

Chèf Kou Siprèm nan, Jij John Roberts kanpe pwovizwaman pwosesis pou remèt yon komisyon kongrè a dosye enpo ansyen Prezidan Donald Trump yo.

Lòd jij Roberts pase Madi a bay Kou Siprèm nan tan pou'l konsidere kestyon legal yo, apre Trump ale an apèl devan tribinal ki gen plis pouvwa Ozetazini an Lendi.

Si tribinal la pat entèveni, dosye taks Depatman Trezo genyen sou Trump yo taka rive jwen komisyon Lachanm ke Demokrat yo kontwole a osito ke Jedi semèn sa a.

 

You may like these posts

No comments