Mondyal 2022 A: Plizyè ONG Ankouraje FIFA Pwoteje Kominote LGBT+ la

0

Foto Achive: Russia WCup LGBT Fans

Plizyè ONG te fè yon aksyon senbolik madi devan mize FIFA a nan Zürich pou mande oganizasyon an defann dwa kominote LGBT + la pandan koup di mond la ki gen pou kòmanse 20 novanm nan Katar kote li ilegal pou yon moun "masisi oubyen madivinez".

Òganizasyon sa yo: All Out, Pink Cross, Swiss Organization of Lesbians (LOS) ak Transgender Network Switzerland (TGNS) - te òganize yon match foutbòl pou demi èdtan, pou eksprime demann yo.

Justin Lessner, manadjè kanpay All Out la deklare: "Avèk aksyon sa a, nou ankouraje ekip foutbòl nasyonal yo, foutbolè yo ak patizan yo pou yo montre sipò yo epi pran angajman pou proteje dwa LGBT+ nan Katar!"

 

You may like these posts

No comments