Wo Komisè Nasyonzuni pou Dwa Moun Mande Repiblik Dominikèn Sispann Depòte Ayisyen Yo

0

Foto Achive: Gad fwontye Dominiken nan Dajabon, Repiblik Dominiken.

Nan yon nòt pou laprès li voye bay JOSEPHRADIOA, Wo Komisè Nasyonzuni pou Dwa Moun, Volker Turk fè konnen li mande Repiblik Dominikèn sispann depòte Ayisyen.

Turk di: "Sa gen yon semèn, mwen mande pou depòtasyon Ayisyen yo sispann akoz kriz dwa moun ak imanitè ki genyen nan peyi a. Sa twouble'm pou'm wè Repiblik Dominikèn kontinye ap depòte Ayisyen palafòs.

Komisè a di pou limenm, zak vyolans, vyolasyon sistematik dwa moun ak ensekirite a an Ayiti pap kreye yon anviwonman pwopis pou Ayisyen tounen nan peyi a.

Li di "Mwen reitere apèl mwen lanse bay tout peyi nan rejyon an, pami yo Repiblik Dominikèn pou yo sispann depòte Ayisyen yo."

Turk mande responsab Dominiken yo tou pou yo ogmante jefò yo pou kontre "zenofobi, diskriminasyon ak lot entolerans ki baze sou nasyonalite, ras, orijin etnik oubyen stati imigrasyon yon moun."

JOSEPHRADIOA Kreyol kontakte Anbasad Repiblik Dominiken nan Washington pou komante sou nouvel sa a. Nou poko jwenn repons.

 

You may like these posts

No comments