Sekretè d Eta Ameriken Antony Blinken deklare Etazini pap ekate l ak sipò san gade dèyè li pwomèt Israèl malgre gwo diferans ki egziste ant gouvènman Ameriken an ak Premye Minis-eli Benjamin Netanyahu.
Administrasyon Biden gen kè sote vizavi manm gouvènman li an ki se ekstremis zèl dwat.
Blinken deklare Dimanch ke Etazini pral rete yon bon zanmi Israel menm nan moman kote lap pousuiv objektif Netanyahu te opoze. Pami yo gen rezolisyon 2 eta a pou konfli Israelo-Palestinyen an epi restorasyon antant nikleyè ane 2015 ak Iran.
Blinken ajoute administrasyon Biden nan pral diskite ak gouvènman Netanyahu a sou politik, pa pesonalite. Li lanse avètisman pou di tou ke Etazini pral opoze tout politik ki ta chache majinalize Palestinyen yo.