Minis Zafè Etranjè Ris la, Sergey Lavrov, lanse avètisman pou di Ikrèn dwe satisfè egzijans Moskou yo ki se "demilitarize" e retire tout aparèy militè ki reprezante yon menas pu Larisi. Chef diplomasi Ris presize , si Ikrèn pa fè sa "lame Ris la ap rezoud pwoblèm sa a".
Lavrov te tou pwofite akize peyi oksidantal yo , dapre li, k ap alimenté lagè a nan Ikrèn ak objektip pou febli Larisi e li te di kantite tan konfli sa pral dire chita sou pozisyon Kyèv ak Washington . Konseye prezidan Ikrèn nan reyaji pou di "Larisi dwe fè fas ak reyalite a."
Moskou ensiste pou presize moun pa ka inyore pwogrè militè li yo ak aneksyon Preskil Krime a an 2014. Ikrèn di, li pa pral negosye ak Larisi toutotan li pa fè retrè total twoup li yo.