Mawòk Kale Espay sou Penalite pou Avanse nan Mondyal Foutbòl Qatar A

0

Foto Achive: Jwe mawoken yo selebre apre chout penalite yo nan Mondyal Foutbol Qatar la kote yo bat Espay pou avanse nan ka de final yo, 6 Desanm 2022.

Mawòk tounen premye peyi Arab e selman 4em peyi Afriken ki avanse nan ka de final Mondyal la.

Mawòk kale espay 3-0 sou penalite. Pablo Sarabia, Carlos Soler ak Sergio Busquets rate penalite yo pou Espay.

Chout Sarabia a te frape poto a e gadyen Mawòk la, Yassine Bounou te bloke 2 lòt chout yo.

Ekip yo pat make okenn gòl nan tan regilye ni nan tan siplemante a. Yo te egal-ego 0-0.

Mawòk reprezante pi gwo sipriz tounwa a. Li pral fe fas ak Pòtigal nan pwochen match li.


Nap raple ke gen yon pwoksimite ant Mawòk ak Espay - yo se vwazen pwòch e yo gen yon relasyon jeyopolitik konpleks ant yo.

 

You may like these posts

No comments