Mezon Blanch Di: Gwoup Wagner a Resevwa Zam nan Men Kore di Nò

0

FOTO ACHIVE: Dapre sa Mezon Blanch fè konnen, Gwoup Wagner a ki se konpayi militè prive Ris, te jwenn livrezon zam ki soti nan Kore di Nò pou ede ranfòse twoup li yo k ap goumen kòt a kòt ak twoup Ris yo nan lagè Ikrèn nan.

Pòtpawòl Konsèy Sekirite Nasyonal Mezon Blanch lan, John Kirby, te di Jedi ke ofisyèl ki ap travay nan entèlijans Etazini a te detèmine ke Kore di Nò te finalize yon premye kagrezon zam pou Gwoup Wagner sa ki te gen ladan l misil ak lòt materyel.

Mezon Blanch lan eksprime gwo kè sote li genyen nan lagè a akoz patisipasyon Wagner ki patikilyèman ap batay nan rejyon ès Donbas la.

Kore di Nò demanti kareman ankò ke li ta voye minisyon bay Larisi.

 

You may like these posts

No comments