Qatar 2022 : Apre Neymar, Modric Vize Mete Fen nan Rèv Messi pou l Ranpòte Premye Mondyal li

0

FOTO ACHIVE: MUNDIAL CROACIA BRASIL.

Nan Mondyal foutbòl 2022 a k ap dewoule nan peyi Qatar, ekip Kwoasi a deja mete fen nan rèv entènasyal brezilyen Neymar te genyen pou ranpòte yon mondyal apre seleksyon kwoat la elimine nan penalite ekip Brezil la nan kar de final.


Kounye a Kwoasi espere fè menm bagay la ak Lionel Messi nan premye semifinal la k ap dewoule madi 13 desanm nan.


Kwoasi, te pèdi (4-2 ) final Mondyal 2018 la nan peyi Larisi devan Lafrans.


2èm demifinal ap mete fas pou fas Lafrans ( chanpyon antit la ) ak Mawòk, premye peyi afriken ki kalifye pou yon semifinal


Eske n ap jwenn yon lòt Lafrans Kwoasi ankò nan final 22zyèm edisyon Mondyal FIFA a?

Sa w panse ?

 

You may like these posts

No comments