Chèf Nasyonzini an deklare mond lan nan yon "eta pitwayab" akoz plizye defi - pami yo chanjman klimatik ak lagè Larisi ap mennen nan Ikrèn nan.
Sekretè Jeneral LONU, Antonio Guterres deklare Mèkredi defi yo ap ogmante "tankou machin ki mele nan yon gwo aksidan."
Guterres pwononse diskou pesimis sa a dezyèm jou rankont o somè ekonomik Davos la, kote pi gwo chabrak yo, PDG gwo konpayi ak lidè mondyal yo rasanble nan yon vil nan peyi La Suis kote moun konn al fè ski.
Sesyon Mèkredi a te afekte pa nouvèl ki di kom kwa yon elikoptè fè aksidan nan Ikrèn kote 12 moun mouri - pami yo minis enteryè Ikrenyen an ak lot responsab.
Prezidan Ikrenyen an Volodymyr Zelenskyy gen pou'l pale ak konferansye yo pa videyo konferans.