Iran: Inyon Ewopeyen an Gen Anpil Kè Sote Apre 2 Moun Ke Yo te Arete Jwenn Ekzekisyon yo

0

Foto Achive: Mohammad Mehdi Karami, Mohammad Hosseini.

Inyon Ewopeyen an deklare denonse ekzekisyon Mohammad Mehdi Karami ak Seyyed Mohammad Hosseini, 2 prizonye ke lajitis te kondane a lanmò an koneksyon avèk manifestasyon ki ap kontinye nan peyi Iran.

Inyon Ewopeyen an, ki denonse sa li dekri tankou yon "nouvo siy represyon vyolan manifestasyon yo".

Yon lòt fwa ankò yo mande otorite Iranyen yo pou yo imedyatman mete yon fen nan pratik sa a kote y ap egzekite manifestan " epi pou yo mande pou anile "dènye kondanasyon lanmò kont plizyè lòt manifestan."

 

You may like these posts

No comments