Lan Meksik: 29 Moun Pèdi Lavi yo Pandan Operasyon ki Dedouble sou Arestasyon Pitit Gason "El Chapo"

0

Foto Achive: Moun sou motosikilet pase bo kote yon kamyon ki pran dife nan lari Culiacan, eta Sinaloa, peyi Meksik, 5 Janvye 2023.

Yon operasyon militè, nan nòdwès Meksik, ki abouti ayè jedi-a nan arestasyon Ovidio Guzman, youn nan pitit gason bawon dwòg Joaquin Guzman, alias El Chapo, lakoz 10 militè ki te nan operasyon-an, ak 19 sispèk, pèdi lavi-yo, se sa gouvènman meksiken-an anonse jodi-a.

35 lòt militè blese ak bal, e 21 moun jwenn arestasyon-yo nan operasyon sa-a ki te dewoule nan vil Culiacan, ki se kapital eta Sinaloa, kote moun te tande anpil bal ki t-ap chante.

 

You may like these posts

No comments